Defen Ekselans Monseyè Leonard Petion Laroche- Se te yon pastè ki te pote sou li òdè mouton li yo.

A22-22-791-MGr LAroche
A22-22-792-MGR Laroche
A22-22-794-MGr Laroche
A22-22-795-MGr Laroche
A15-056-Mgr Laroche
A15-0052-Mgr Larochesd
A15-0051-Mgr Larochepsd
previous arrow
next arrow

Ekselans  defen Leonard Petion Laroche (Papa Bon Kè), Premye prèt ayisyen ki soti nan La  vale Jakmèl, Premye Kire  ayisyen nan pawas Sakre kè Tijo, Pè fondatè pawas Imakile Konsepsyon nan Fon Batis.-Akayè -Ayiti ak 2yèm evèk dyosèz Hinche se youn nan gwo batisè lafwa Legliz Katolik  Ayiti e youn nan Gwo  figi Legliz Katolik Ayiti.

 

Leonard Petion Laroche se Pitit  La Vale Jakmèl, ke yo rekonèt kòm youn nan rejyon ki bay anpil vokasyon (Pè, Frè ak Mè) ann Ayiti. Li soti nan yon fanmi Katolik ki gen plizyè jenerasyon e  yon fanmi ki gen 10 Pitit . defen papa li  Periclès Laroche li se yon ansyen ofisye Eta Sivil  nan  La Vale Jakmèl ak defen manman l Madam Alice Lauture Laroche  yo  konnen li pou yon fanm trè piye, yon trè bon manman ak

yon trè bon madanm oswa youn nan Bon Fanm ki te fèt oswa ki pitit  La Vale Jakmèl.

 

Anplis de sa,  La Vale Jakmèl , se yon Tè vokasyon Kote gen  anpil pèsonalite ilistre ki kale nan Ti vil Sa an ayiti Nou ka site :Ekselans Defen Monseyè Léonard Pétion Laroche , premye prèt ak premye evèk ayisyen ki soti nan vale Jakmèl ak 2èm evèk dyosèz Hinche.

 

Defen Sè Marie Josaphat. FdM, youn nan premye Sè nan La Vale Jakmèlnan Kongregasyon Fi Mari yo, li te mouri pandan tranblemanntè 2010 la an Ayiti.

Eminans Chibly Kadinal Langlois, premye Kadinal Ayisyen, Ansyen Prezidan Konferans Episkopal Ayiti e kounye a Evèk Dyosèz Okay la. Frè Hervé Zamor, Siperyè Jeneral Frè Enstriksyon Kretyen nan lavil Wòm. Pè Gaetan Boursiquot Ansyen Rektè Gwan Seminè Not Dam Ayiti  e Ansyen Kowòdonatè  Pastoral Ayisyen nan Dyosèz Orlando. Pè Danis Ridore – Ansyen Kire  Sen -Jak ak Sen Filip  nan dyosèz Jakmel e youn nan pi ansyen prèt ki sòti nan La Vale Jakmèl.

Frè Gabriel Franck, youn nan premye frè Enstriksyon Kretyen yo, ki soti nan Valley a. Pwofesè Léon Frank, ki wè plizyè jenerasyon etidyan pase devan li nan salklas La Vallée de Jacmel e ki fèk fete, an sante, santyèm anivèsè ane sa  ; Defen Obiès Franck, youn nan ko-fondatè CODEVA (Coude-à-neck pour le développement de La Vallée), ki te revolisyone enfrastrikti fizik ak sosyal nan Fon an.la. Enjenyè-Achitèk François Laroche, neve Defen  Ekselans MonseyèLéonard Petion Laroche e ki, dapre enfòmasyon nou yo, bati nouvo katedral dyosèz Hinche ki se youn nan bèl Katedral nan Karayib la.

 

 

 

Leonard Petion Laroche te fè etid primè li lakay  frè enstriksyon kretyen yo nan La  Vale Jakmèl, etid segondè li nan Ti  Séminè Kolèj Sen  Masyal  ki te nan epòk sa  nan lakou Achidyosèz Pòtoprens. Se nan Ti  Seminè  Sen Masyal  li te resevwa apèl Bondye ki te mande l pou l bay tout lavi l nan lavi prèt oswa nan lavi Sasèdotal. Menm jan ak manman  li , Trè Sen Vyèj  Mari, ke  li te toujou gen yon devosyon

espesyal pou li, li te di Bondye Wi li pre  pou l vin travay nan jaden rezen li kòm gadyen mouton l yo. Nan Ti Séminè Sen  Masyal  li te yon bon etidyan, trè disipline, trè jovial, trè atantif e ki te trè fyè de orijin peyizan li kom Pitit La Vale jakmèl. Li te pase avèk siksè premye pati egzamen ofisyèl bakaloreya ak egzamen filozofi.

 

 

 

Anvan nou pale sou Pakou jenn Leonard Petion Laroche nan Seminè Entè-Diosèzen la oswa nan Lekòl Apostolik Pòtoprens ki te chita nan lakou Achidyosèz Pòtoprens, li enpòtan pou mwen di nou  depi ane 1864 Monseyè du Cosquer, premye achevèk Pòtoprens te fonde an Frans gwo Seminè Ayiti ki te gen pou misyon sitou pou fòme prèt fransè  pou evanjelizasyon pèp ayisyen an  mwen dwe ajoute tou gouvènman ayisyen an pandan plizyè ane tap  bay kob pou  kandida etranje oswa franse nanfòmasyon yo pou prètriz nan seminè ayisyen an Frans. Gwo paradoks la,

Kongregasyon Pè Spiriten yo nan 80 ane konkòda ant Vatikan  ak Leta Repiblik Ayiti òdone selman  4 prèt ayisyen e mwen vle fè nou konen  ke ant 1864 e 1894, prèske 200 prèt fransè ki te travay nan Legliz Katolik Ayiti te resevwa fòmasyon yo pou  yo vin Pè nan gwo seminè Ayiti a ki an Frans e mwen dwe ajoute se Leta Ayiti ki te depanse pou yo oswa ki te bay lajan sa  . Nou pap janm  bliye ke nan ane 1964 Monseyè Paul Sanson-Jean-Marie Robert, 2èm evèk dyosèz Gonayiv (1936-1966) te estime gen plis pase 700 prèt franse te travay nan legliz katolik Ayiti pou evanjelizasyon pèp ayisyen an. . Pèp Katolik Ayitia  kontinye eksprime pwofond rekonesans yo anvè misyonè Konkòda yo ki te pote kontribisyon yo nan travay evanjelizasyon an  nan peyi nou Ayiti nou renmen anpil e ki pafwa te  aksepte anpil gwo sakrifis pou yo te ale nan kote ki pi lwen ann Ayiti pou yo ka evanjelize,  epi enstwi frè ak sè nou yo ki te rete nan lakanpay (la Campagne)  ak nan  mòn  yo. Nou Pap janm gen Lajan pou nou fin  peye yo pou Gwo sèvis sa . Nou Kontinuye voye yon gwo kout chapo pou misyonè sa yo . Yon lòt bò,plizyè obsèvatè katolik ayisyen nan epòk nou an kontinye ap mande poukisa nou te gen prèske 100 prèt ayisyen sèlman  ki  òdone pou Legliz Katolik Ayiti jiska kòmansman ane 1960 yo apre 100 ane konkòda ant Vatikan ak Leta Repiblik Ayiti? Poukisa Gouvènman Ayisyen yo anvan gouvènman Francois Duvalier a  ki te gen tout sipò Vatikan pou genyen yon klèje endijèn oswa nasyonal  nan peyi nou  Ayiti pa te mande yerachi Legliz Katolik Ayiti nan Epòk sa  pou li  pran anpil inisyativ pou li  ankouraje plis jèn ayisyen  bay Bondye Tèt yo nan lavi Sasèdotal  oswa pou reponn a apèl Bondye  nan lavi Pè ?

 

 

 

Li te nesesè pou nou konnen  jiska ane 1922 anba gwo presyon Vatikan pou klèje Breton Konkòdatè  1860 nan Legliz Katolik Ayiti a sou lidèchip Monseyè Julien Conan (1903-1930) 5yèm achevèk nan achidyosèz Pòtoprens te dakò pou ouvri lekòl apostolik Pòtoprens pou fòmasyon jèn ayisyen pou prètriz . Men, Gwo Seminè Ayiti nan Grann Bretay-Frans pral transfere sèlman an Ayiti nan ane 1953 epi li pral dirije pa Jezuit Kanadyen  franse yo jouk ekspilsyon yo an Ayiti pa Prezidan Francois Duvalier nan mwa jen 1964.

 

Ou ka konprann defi ke jèn Léonard Petion Laroche te genyen  lè li te antre nan Lekòl Apostolik Ayiti  nan laj 18 rekot Kafe  nan ane 1936 pou l te etidye Filozofi, Teyoloji epi bay tout lavi l bay Bondye nan lavi pè. . Kandida pou prètriz Ayiti yo te nan epòk sa te anba gwo siveyans e yo te simonte oswa jwenn  anpil obstak anvan yo rive nan òdinasyon yo kòm prèt nan Legliz Katolik ann Ayiti. Yo  dwe evite fè erè paske direksyon lekòl apostolik la nan tan sa pap jwe ,pat nan griyen dan ak Seminaris Ayisyen ,  pou pwòp plezi pa yo, yo te kapab itilize nenpòt pretèks oswa envoke fo rezon pou flanke yon seminaris aysyen  deyò nan Seminè a oswa voye yo lakay yo menm apre 6 ane etid  filozofi ak teyoloji nan Lekòl Apostolik Pòtoprens nan . Jèn seminaris Leonard Petion  Laroche te byen tande ekonprann deklarasyon Evèk François Marie Kersuzan (1886–1929), 2yèm evèk titilè  nan dyosèz Okap , dyosèz sila  ki te elve nan ran achidyosèz nan dat 7 avril 1988, ki te  di byen fò pou tout ayisyen te ka konprann : Ayisyen akoz lyen yo  ak Vodou pa kapab genyen yon klèje endijèn oswa nasyonal” e Monseyè Paul Paul Sanson-Jean-Marie Robertl,2yèm evèk dyosèz Gonayiv (1936-1966) pral  repete byen fò tou menm Pawòl  rasis sa yo 40 ane apre. Yon lòt ankò  te  pwononse mo trist sa yo: “Mwen se tonm vokasyon an Ayiti. »Men, jèn seminaris Laroche pa t abandone. Li deside pou li realize gwo rèv li a: “pou vin yon prèt” Men, jèn Seminaris  Laroche tou pa t bliye deklarasyon Pap Pius la  ki te di byen fò tou :’’ ”Sèl fason pou vrèman rezoud pwoblèm nan bezwen prèt nan peyi misyon yo se te fòme yo lokalman oswa fòme yo lakay yo.’.”

An bref, jèn Seminaris Leonard Petion Laroche  te dakò reponn Wi nan apèl Bondye a menm jan ak manman li manman l ‘Marie ke li te yon gwo devosyon espesyal. Seminaris Laroche  te deja gen yon vizyon pou  legliz e  pou pèp Bondye a nan Legliz Katolik an Ayiti depi anvan li te rantre nan Seminè ,li te pare pou ale jouk  nan bout nan  misyon sa pou li  se youn nan  prèt  nan mitan klèje endijèn an Ayiti a  .Yo  te konnen li kòm yon jèn seminaris ki te trè fyè de orijin peyizan li,  ttrè dinamik, trè entèlijan e ki te demontre gwo lafwa ak pyete  nou tejwenn nan Kretyen  premye syèk Bèl legliz nou an.

 

 

 

Ane yo nan seminè entè-dyosèzen  oswa nan lekòl apostolik la te pase trè vit pou seminaris Leonard Petion Laroche a e li  te trè Kontan bèl eksperyans li te fè  tou  nan domèn edikasyon li te resevwa nan lekòl apostolik Potoprens nan nivo espirityèl, se te yon gwo  moman entim pou li  ak Granmèt la,  Sèl Mèt lavi li ki te toujou mande l pou l aksepte pran kwa l pou l suiv li san gade dèyè pandan li asire l lap toujou avè l nan tout ti detay lavi li nan  jouk dènye sware nan lavi l e ke li pral avè l’ apre ti pelerinaj li sou tè a nan paradi li a kote tout soufrans ap fini. Nan Lekòl Apostolik la li rankontre plizyè bon zanmi tankou seminaris ki te sòti nan Okap  Jean Jacques Claudius Agenor ki pral administratè apostolik achidyosèz Pòtoprens apre depa pou ekzil Monseyè Remy Jerôme Augustin, premye evèk ayisyen 9 janvye1961, Jean Jacques Claudius Agenor, kondisip sa a pral 1er evèk ayisyen nan dyosèz Okay (20 out 1966-9 avril 1988), Pè Francois Gadner Solages te tou pami kamarad klas li yo. Nan dat 11 jiyè 1943 a laj 24an, Abe Laroche  te òdone prèt nan katedral Pòtoprens, Ayiti pa Monseyè Joseph-Marie Le Gouaze (1930-1955), 6yèm achevèk achidyosèz Pòtoprens. , Ayiti. Òdinasyon Pè Laroche se te yon jou lagras pou prèt ayisyen yo, seminaris ayisyen Legliz Katolik Ayiti  ki te  fè yon gwo rèv  pou genyen  yon klèje endijèn ann Ayiti, pou Fanmi Laroche,Lauture ak gwo Kominote Katolik  La Vale  Jakmè la l.

 

Souvan Granmèt  a renmen chwazi plizyè  pitit li yo nan menm fanmi an pou

vin travay nan jaden rezen li a. Senyè a te chwazi 3 nan 6 Bèl  Sè jenn Pè Leonard Petion Laroche pou swiv li nan lavi relijye oswa nan kongregasyon Fi Mari de Paridaens: Sè Gregoire FDM, ki fèt Uranie Laroche, Sè Calixte FDM, ki fèt Jeanne Laroche, Sè Alicia FDM, ki fèt Fernande Laroche. Sè relijye sa yo te suiv Senyè a jouk dènye sware nan lavi yo nan kongregasyon Fi Mari de Paridaens . Yo te mennen yon lavi sentete paske sentete se te dapre yo, yon egzijans nan lavi relijye. Yo te konnen yo kòm mè ki  te renmen  lapriyè e yo te yon gwo limyè pou jèn fi nan tan yo ki te vle ofri Bondye tout lavi yo nan lavi konsakre. Ou ka imajine gwo lajwa koup Laroche a lè w wè Granmèt la te pran  kat (4) nan dis (10) pitit li  yo pou yo vin travay avè lnan jaden rezen li a kote rekòt la toujou anpil e men ki  toujou manke travayè. Koup Laroche te chante Magnificat la menm jan ak manman yo Mari paske Bondye  chwazi toujou pòv sèvitè  ou moun ki pòv li yo pou fè mèvèy li eklate.

 

 

 

 

 

Premye ministè Pè  Leonard Pètion  Laroche se te nan Ti Goave kote lite vikè pawas Not Dam Asonpsyon (Notre Dame de l’Assomption), nan ministè sa a li te bay tout sa ki pi bon nan  li kòm jèn prèt, li te travay nan ministè oswa patoral  jèn li te toujou trè disponib pou pawasyen li yo. . Apre kèk ane, siperyè li transfere li kòm vikè nan pawas Sen Pyè ( Saint  Pierre) nan komin Akayè. Li te fè tout sa l kapab pandan ministè sa a nan pawas sa a pou li te  ranfòse lafwafidèl li yo sou Bondye  e ansanm ak klèje pawas la li te ede pawas sa avanse nan bon direksyon.

 

Apre 17 ane nan lavi Pè a , li mande Achevèk li Joseph-Marie Le Gouaze pou l al  fè yon nouvo eksperyans kòm prèt nan Fon Baptiste (Fonds Baptiste), 2èm seksyon kominal distri Akayè. Okòmansman Monseyè Legouaze te dekouraje l e li te mande l kòman l t ap viv kòm yon  prèt nan Mòn sa , kote sa a ki byen lwen e  ki anvan endepandans Ayiti  te youn nan vach  ki te genyen anpil Lèt oswa yon vach Letyè pou kolon franse yo nan zafè pwodiksyon Kafe ak bwa Pin. Pè Laroche te trè

optimis e li te santi ke Senyè a te rele l e li te ba l misyon pou li pote bon nouvèl li bay peyzan  sa yo ki trè  meprize ak trè  neglije ki yon  kote ki lwen  ann Ayiti epi li te santi Bondye te mande li pou li ede li  libere yo anba sèten fòm eksplwatasyon  ap opresyon yo tap sibi  kote opresè yo toujou itilize presyon sikolojik pou kenbe dominasyon yo sou moun ki oprime yo. Natirèlman, jèn prèt Laroche te pran devan  brezilyen Paolo Freire (19 septanm 1921 – 2 me 1997), pwofesè istwa ak filozòf ki te ekri yon liv  an 1968 ki gen pou tit “Pedagoji moun ki oprime yo”. Paolo Freire te vle ede oprime yo devlope yon konsyans kritik sou sitiyasyon yo nan sosyete opresif ak inegal sa a ki se yon gwo obstak nan liberasyon yo kòm èt imen ki fèt ak imaj Bondye a. Donk, Jèn Pè Laroche te byen obsève inegalite sosyal ki travèse sosyete nou an Ayiti. Menm jan ak Moise, Pè Laroche te tande vwa Bondye e li te pare ak benediksyon Siperyè li a pou l kòmanse nouvo misyon sa nan Fon Baptiste kote li pral tout bagay pou peyizan sa yo ke yo tou  toujou bliye nan Peyi  Ayiti. Èske w ka imajine anvan arive Pè Laroche Fond Baptiste pa t menm gen yon lekòl riral, yon sant sante ak dlo potab pou popilasyon l..

 

 

 

Li rive Fond Baptiste nan ane 1952, anvan pou mwen rakonte nou gro istwa sila  pèmèt mwen sèvi ak yon pwovèb ayisyen sa a pou m pale de dinamik Pè Laroche ”Bourik Chajé Pa Kanpé” Lè l rive li mete men l nan konstriksyon Legliz Imakile Konsepsyon ki tabli kòm pawas. akyon ti prebystè trè modès. Li te eseye otank posib pou l te trè pwòch peyizan Kominote Fon Baptiste yo paske li te konnen san kolaborasyon yo li pa t kapab reyisi nan misyon li kòm prèt Konstwitè Lafwa nan Fon Baptiste ak alantou li yo. li te vini ak yon ekip La Vale Jakmèl ki te ka ede kiltivatè Fon Baptiste ak peyzan alantou yo  pou yo pi byen kiltive tè yo ki te trè fètil nan epòk sa a. Menm jan ak zanmi l Pè Farnèse Louis Charles, Pè  Laroche  te soti nan yon fanmi  ki renmen travay latè oswa  agrikilti e li te tou  yon gwo kiltivatè, yon prèt ki te gen yon gwo lanmou nan kè li pou tè a ak pou lanati. Se Sa ki eksplike poukisa li te vle motive frè peyizan li yo nan Fon Baptiste ak peyizan yo nan chapèl St Gabriel ki nan Ivoire yo ak chèn Matheux pou bay yon gwo enpòtans a Agrikilti ak prezèvasyon lanati. Antanke prèt-agrikiltè lite toujou kwè ke tè agrikòl Ayiti yo ka bay popilasyon Ayiti manje san nou  pa  bezewn fè enpòtasyon pwodwi manje soti nan Repiblik Dominikèn ak lòt kote. Li achte plis pase 10 ekta tè agrikòl nan Fò Lucrin kinan  Fond Baptiste pou Legliz Katolik Ayiti. Pami reyalizasyon li nan Fond Baptiste li te konstwi legliz pawas Imakile Konsepsyon, yonprebystè, li te konstwi lekòl prebysteral nan  Fon Baptiste, li te konstwi tou yon dispansè oswa yon sant sante pou popilasyon Fon Baptiste ak  lòt kote ki tou pre  yo, yon sant fòmasyon  menaje ak metye domestik, li te fè vini  tou  Ti Sè Sen Terèz anfan Jezi yo PSST nan Fon Baptiste  ki te vrèman ede popilasyon Fon Baptiste ak zòn ki antoure li yo nan domèn edikasyon ak Savwa Viv. Men Sè  sa yo te oblije fèmen kay yo  kont  volonte yo paske kolaborasyon yo  ak  Pè Horelle Fleuriscat ki te  Kire  Pawas Imakile Konsepsyon nan Fon Baptiste pat anfòm . Popilasyon Fon Baptiste la  kontinye sonje travay kolosal Ti Sè Sent Terèz anfan Jezi yo PSST nan Fon Baptiste e se toujou yon gras pou genyen yon kongregasyon relijye nan kote ki lwen sa yo an Ayiti kote popilasyon an toujou manke  tout bagay .

Pè Laroche   te konn monte ak Seminaris yo chak fen semen (weekend) pou yo al fè pastoral pou akonpanye peyisan yo. Li te develope Fond Baptis, nan konswi yon gwo Legliz ak kontribisyon peyizan yo. Nan fè Jaden ak sa li te rele: jaden legliz. Sa vle di pou li si yon peyzan ap plante 3 mamit pwa, li plante yon 4e pou legliz la. Lè rekòt rive li potel nan presbytè pou yo vann pou kontribye nan avansman pawas la. Li te fè mache pou moun yo, fè wout, plante pye bwa. Li te konn mache ap retire chik nan pye moun kite malad, trete yo tou, li mete lekòl, dispansè nan zòn nan. Li konn fè anpil agrikilti se ak sa te viv san èd esteryè. Ede moun yo nan fè aknesans yo ou byen batistè, pwoblèm papye tè lè gen konfli, li te konn akonpaye yo lè yo rele yo nan tribinal. Li te aprann yo lapryè anpil. Lèm te kire Fondbatis depi li midi, 6zè aswè kelkeswa kote fidèl pawas la te ye, nan jaden, nan mache, lap kanpe pou yo resite lanjelus, fè lwanj marial lè se mwa wozè ak mwa Mari, mwa me.Fon Baptiste se yon tè agrikòl ki konnen pou kafe li yo, bwa Pin li yonan epòk Lakoloni an, pwa li yo, mayi li yo ak lòt pwodwi agrikòl.Ministè Pè Laroche te  bay  anpil fwi nan Fon Baptiste, li deja bayLegliz Katolik plis pase 10 prèt, 4 mè ayisyen ak 3 frè. Pè BatisèLeonard Petion  Laroche se te yon bon  Papa pou  popilasyon Fon Baptiste ak lot Kote ki tou pre yo.

 

Apre 11 ane pase nan pawas Imakile  Konsepsyon nan Fon Baptiste, siperyè Pè Laroche  te transfere li nan pawas Sakre kè ki nan Tijo kòm premye Kire  ayisyen nan tout  istwa legliz katolik ann Ayiti. Li ranplase prèt franse Francois Nantin nan ministè sa a. Pawas Sakre Kènan Tijo  te fonde an 1905 sou lidèchip Monseyè Julien Conan(1903-1930), 5yèm achevèk achidyosèz Pòtoprens. Pawas Sakre Kè depi kreyasyon li te toujou dirije jiska 1963 pa prèt franse. Èske Pè Leonard Petion Laroche  te byen akeyi kòm premye Kire ayisyen nan pawas Sakre-kè yo te rekonèt nan epòk sa  kòm youn nan pawas boujwazi ayisyen an? Dapre sous mwen yo repons lan se non, okòmansman pawasyen pawas sa  te wènan Pè Laroche yon Ti Pè  ki soti nan mòn oswa nan Lakonpay  a ki te soti nan kwis peyizan ayisyen . Ti pa ti kras, ak bon metòd travay ann ekip li, gwo lanmou li pou Legliz Katolik ak gwo pwoksimite li ak fidèl li yo, Pè Laroche te vin tounen yon Kire nan  pawas la ke fidèl yo te respekte anpil e yo te vin  renmen anpil . Kòm premye Kire ayisyen nan pawas boujwa sa a, Prezidan Francois Duvalier te ofri l an Kado yon bon  machin , ak anpil elegans e diplomasi Pè Laroche  te refize òf oswa kado Francois Duvalier a paske li te vle gade  yon sèten endepandans kom Pè pa rapò pouvwa  Francois Duvalier te rapòte mwen  neve li, Enjenyè-. achitèk Francois Laroche. Dapre evèk Joseph Lafontant, evèk oksilyè emerit achidyosèz Pòtoprens ki pami ansyen vikè Pè Laroche nan pawas Sakre kè, Pè Laroche te yon trè bon prèt pou pawas Sakre Kè a, li te trè byen, trè dinamik, Li te kontinye pou lidi m Se Pè laroche  a ki te mete fen nan zafè fidèl ap lwe oswa ap peye  plas nan ban nan pawas SaKre kè, li te pibliye yon bilten pawasyal chak semèn nan pawas Sakre Kè e nan Biletin  sa a ou ka li orè mès pou semèn nan, kantite lajan koleksyon dimanch pase a ,antèman semèn nan..Li te yon Pè, yon Kire trè transparan  Li devlope. yon trè bon relasyon ak vikè pawas li yo, sou lidèchip li chak prèt te toujou gen yon jou cangé nan  semenn nan e pawas la  te gen yon sèvis wotasyon  kote chak prèt dwe pase yon semèn nan biwo  nan mwa a , sèvis rotation sa. te trè itil e li te fasilite  prezans kontinyèl yon  prèt ak jesyon efikas nan travay administratif yo nan pawas Sakre kè. Li te etabli yon pwogram oswa yon klas anvan maryaj kote moun ki pral marye ak jèn moun ki te enterese nan zafè maryaj te kapab patisipe. Apa de  pawas Sakre kè li te gen tou pou li te  travay kòm  sipèvizè gwo seminè Tijo ki te tou pre pawas Sakre Kè. Pandan ministè sa a kòm Sipèvizè Gwo Seminè a li te pran desizyon achte plizyè ekta oswa karo tè agrikòl nan Kazo  yon fason pou li te ede  seminaris yo gen yon sèten konesans agrikòl anvan yo kòmanse kou Teyoloji nan gwan seminè Tijo, li te fè fouye yon pi(puit) 120. pye  epi li te  enstale yon ponp elektrik sou li pou te pèmèt seminè a gen dlo potab e pou pèmèt irigasyon tè agrikòl Kazo yo. se li ki te pran inisyativ pou li louvri Seksyon filozofik la Cazeau, poul te aprann seminaris yo pran swen tè a, pou yo fè Jaden pandan yap etidye pou yo bay tèt yo manje. Paske avan 2 seksyon yo te ansanm Philosophie et Théologie.Li te premye moun ki te enstale elektrisite nan Kazo. tè li te achte nan Kazo a  pral sèvi pou  seminè filozofi ak lojman pou seminaris.1ye ak 2yèm ane yo  Li te chape poul li nan  travay sa lè Konferans Episcopal Ayiti a  te nomen Pè Obla Jean Marie Salgago OMI kòm Rektè Gran Seminè Not Dam ( Notre Dame). Nan pawas Sakre Kè li te konnen tou moman difisil, li te yon prèt trè janti men ki te gen yon pèsonalite trè  fò oswa tanperaman trè fò. Nan dat 8 jen 1967 li te gen neve l Kapitèn Joseph Laroche ki tap pral genyen 33 rekot kafe ke   François Duvalier te  akize kòm kwa li te patisipe nan yon konplo kont sekirite leta, ak tantativ asasina prezidan Francois Duvalier., Duvalier te pran desizyon byen vit pou yo egzekite Kapitèn Laroche ak 18 lòt kòlèg li nan Fòs Ame Ayiti  nan Fò-Dimanch yo te rele fò Lanmò sou Duvalier . Ki vrè Rezon ki te fè Duvalier te pran desizyon tue oswa elimine Kapitèn Laroche pami 19 ofisie Fòs Ame DAyiti yo?  Se te yon eprèv difisil e trè di  pou Pè Laroche ak fanmi l nan moman sa  men kòm yon sèvitè fidèl li te aksepte moman difisil sa akanpil lafwa e li te toujou mande Bondye pou l ba l kouraj ak Sajès nanmoman trè difisil nan lavi l.

 

Li pase 10 lane nan pawas Sakre Kè nan ane 1973, Konferans Episkopal Ayiti a  mande l pou l retounen nan gran Seminè a kòm Rektè, bon zanmil Pè Joseph Lafontant ki te you nan  vikè li yo  ap ranplase l kòm 2yèm kire  Ayisyen nan . -Pawas Sakre  Kè. Ant li menm ak Pè Lafontant te gen gwo solidarite eklezial paske tou de se pitit  Depatman Sud’est Ayiti , li soti nan La Vale  Jakmèl e Pè Lafontant se yon pitit gason vil Jakmèl. Kòman ministè li te ye kòm Rektè nan gran Seminè a? Yo  te konnen li nan gran  Seminè a kòm yon rektè ki devlope yon gwo pwoksimite ak Semaris yo, li te prepare yo pou yo  al travay ak peyizan Ayiti yo e  se te youn nan rezon ki fè li te achte tè Kazo ki pa t nan  yon zòn rezidansyel nan epòk sa , li te pwofite tè oswa abitasyon Kazo a  pouli  ankouraje etidyan Filozofi Kazo yo fè jaden sou vas abitasyon Kazo pou yo gen jaden pa yo, yo ka plante sa yo vle yo pap manke dlo pouwouze jaden yo  , li kòm rektè li te okipe vann rekòlt la e li te toujou  pote lajan  vant l pwodwi agrikòl sa yo bay seminaris  ki te travay nan jaden sa . Nan kazo, Pè Laroche te òganize plizyè kan misyonè ak séminaris yo nan Fon Baptiste, nan chapèl St Gabriel ki nan Ivoire.  Se nan Ivoire jèn Chibly Langlois pral tande vwa Bondye ki mande li bay li tout  lavi li kòm pè  e li  pral vin premye Kadinal ayisyen nan Istwa Legliz Ayiti. Mwen pwofite de redaksyon tèks sa  pou mte  fè yon ti entèvyou nan telefòn ak Kadinal Langlois Li fè m konnen ke defen Monseyè Laroche se papa espirityèl li, li te renmen anpil tankou li toujou renmen tout moun,  li te ede l antre nan Ti seminè Sen Masyal  la ak gran seminè Not Dam . Li te toujou ap bay li Bon Konsey,Li te kontinuye pou li fè m konnen Monseyè Laroche se yon Pitit Bondye ki te renmen  lapriyè, ki te gen anpil disiplin, li te yon gwo vizyonè pou Legliz Katolik Ayiti a ,  li te tou yon gwo pwomotè vokasyon nan peyi nou Ayiti  e yon evèk ki te gen gwo relasyon imen,  li te zanmi tout moun menm sa ki pi piti yo. Mwen sonje tou pandan ministè li nan gran seminè a li te toujou domi nan kay  seminè  Cazeau a , li te toujou ale pandan ane lekòl la chak dimanch  nan pawas Not Dam Di Wozè ki nan Kwadèboukè  pou selebre mès dimanch  9è nan maten pou elèv yo. .

 

Nan dat 9 me 1982, Pap Jan Pòl II te nonmen li evèk Hinche e konferans Episcopal Ayiti a te nomen  Pè Lafontant  direktè nasyonal Kongrè ekaristik ane marial Ayiti ki ta pran fen nan dat 9 Mas 1983 Jou visit Istorik Pap Jean Paul II an Ayiti. Li pral konsakre kòm 2yèm evèk dyosèz Hinche nan dat 11 jiyè 1982 epi konferans episkopal peyi Dayiti pral mande Pè Joseph Lafontant pou ranplase l kòm rektè nan gwo seminè Not Dam kelke mwa  apre vizit Pap Jan Pòl II ann Ayiti. 9 mas 1983. Pou Istwa neve l Enjenyè Achitek Francois Laroche  di m -.yo te apwoche Pè Laroche  de (2) fwa pandan gouvènman Francois Duvalier pou l tevin youn nan évèk Katolik nan  Legliz Katolik Ayiti, li te toujou refize, 3yèm fwa a  li konprann ke se Bondye ki vle pou li vin Evèk nan peyi Ayiti e se li menm ki pou ranplase defen Evek Jean BaptisteDecoste (1972-1980) premye evek Dyosèz Hinche.

 

 

 

Pandan episkopa li nan dyosèz Hinche li devlope yon relasyon trè sere ak pòv nan dyosèz Hinche yo, li te rankontre yo prèske chak Mèkredi nan pawas Sakre kè ke li te fonde pandan ministè episkopal li nan Hinche. Li te toujou vle suiv deviz episkopal  ki te: Seyè, fè m ‘yon siy Bonte. Dyosèz Hinche te gen  sèlman nan ane 1982 Monseyè Yves Lapierre kòm prèt ayisyen e ki te tou Vikè Jeneral Dyosèz Hinche ak  Pè Levêque Bien Aimé, aktyèl Kire  Katedral Imakile Konsepsyon Hinche ak tout lòt prèt yo te ye. soti nan kongregasyon “Scheut” ki gen nasyonalite Bèlj. Li òdone 4 premye prèt ayisyen pou dyosèz li a nan ane 1983. Natirèlman, kòm yon gwo pwomotè vokasyon nan Legliz Katolik ann Ayiti, li te òdone anpil prèt pou dyosèz Hinche pandan episkopa li. Li te fonde plizyè nouvo pawas, li bati yon sant dyosèzen pou jèn yo nan dyosèz Hinche, li te achte tè e li te bati tou legliz pawas Not Dam Di Wozè (Notre Dame du Rosaire) ki Sapaterre. Li te bati kay pou fanmi yo ak moun vilnerab yo. Sou direksyon li, yo te konstwi ti kay pou pòv yo nan pawas Sakre Kè. Li te fonde propedeutic Sen Pòl nan dyosèz Hinche. Li te Prezidan Konferans Episkopal Ayiti (1989 – 1992).Li te bay omeli a nan inogirasyon 1ye manda Prezidan Aristide nan dat 7 fevriye 1991. Nan omeli a Li te prezante selebrasyon sa a kòm yon evènman nasyonal ak relijye. Li raple tou  pwomès asistans Bondye te bay Moyiz nan seremoni sa , Monseyè Laroche kontinye pou li di Prezidan Jean Bertrand Aristide: Jodi a Ekselans, yon misyon menm jan an konfye w, sètènman, li pap fasil, menm jan li te ye pou Moyiz…Sepandan, Moyiz akonpli misyon li. pou l dirije pèp ebre a, li pa tjanm konsidere kòm byen l, men kòm tanp Seyè a. Mesaj Monseyè Laroche a te bay anpil espwa. Se konsa, 1ye manda prezidansyèl Jean Bertrand Aristide te byen kòmanse ak yon klima lapè ak antant  nan relasyon ki genyen ant leta peyi nou Ayiti ak legliz la.

 

Antanke yon bon  pitit gason Manman  Mari, Monseyè Laroche te deside bati yon nouvo katedral Imakile Konsepsyon nan dyosèz Hinche nan ane 1992 pou l fini an 1997. Se te yon eksplwa paske Evek Laroche pat gen lajan e li  pa gen resous materyèl  tou li te gen sèlman 15 000 goud nan kès dyosèz la . li pat gen  lajan kach dapre sa  neve li enjenyè a Achitèk Francois Laroche te rapòte mwen . Men, Monseyè Laroche te trè optimis paske li te konnen manman  li  Vyèj Mari t ap ede li r li te konte sou kèk zanmi l yo. li te konte tou  sou zanmi l yo nan popilasyon Katolik ak Pwotestan ki moun Plato Santral . Li te trè pre tou oswa li te bon zanmi Pap Jan Pòl II  , Sen Pè Jean Paul II te  mande pou li legliz nan detrès, yon òganizasyon nan Vatikan an voye l ‘1/3 nan lajan an pou konstriksyon  nouvo katedral dyosèz Hinche lan ki koute ak patisipasyon fidèl nan dyosèz la 600,000 dola ameriken nan moman sa. Kominote Pwotestan Hinche te fè kontribisyon li nan konstriksyon nouvo Katedral Hinche lan

 

 

 

Mwen dwe mansyone tou li te fè konstriksyon yon kay pou akomode Sè Misyonè Charite St Teresa nan Calcutta mè sa yo ta vin ede ti pòv Hinche yo . Li te ede anpil tou Fondasyon Ti Sè ak Ti Frè Enkarnasyon Frè Franklin Armand paske li te trè pwòch  oswa li te zanmi  Frè Armand.Li te rive nan laj retrèt li, li te ekri Sen Pè Jan Pòl II pou lprezante lèt  demisyon li jan kanon 381 §2 Kòd Dwa Canon Legliz Latin

(CIC) ekri l.Laj retrèt pou evèk ak manm dikatè | ZENIT – Franse, li pran retrètpou l viv tou senpleman nan Santo yon ti localite ki nan Kwadèboukè

gras ak èd fanmi l.

 

Nan dènye jou lavi l , Evek Laroche  te trè  fatige  e li te malad anpil, Monseyè Leonard Petion Laroche te mouri 14 jen 2006 a laj de 88an. Monseyè Laroche se te yon prela ki  trè jenere, ki te renmen pòv yo eki te toujou pare pou pataje tout sa li genyen  ak sa ki pi fèb nan Sosyete nou an e ki te sousye anpil pou byennèt  frè peyizan li yo ak prèt li yo. Se te yon pastè ki te pote sou li òdè mouton li yo. Moun senp, hunb, saj. Li bay tout li menm pou fè travay la, nan rete bò kote sa ki pi pòv yo. Li pat yon ramasè. Yon kot sa bon! li Se yon modèl Pè, yon modèl Evèk yo ta dwe imite jodia nan legliz DAyiti. Kisa nou dwe fè pou nou kontinye kenbe flanbo Monseyè Leonard Petion Laroche limen nan mitan nou? Nou ankouraje moun ki nan fanmi li pou yo fonde yon fondasyon ki pote non  li  e ki pral gen misyon pou sipòte  peyzan kiltivatè ki rete nan kote ki pi lwen annAyiti ak timoun pòv yo menm jan Pè Laroche te fè sa nan Fon Baptiste. Nou planifye pou nou konpoze yon chan nan non li  epi nap fè  yon emisyon  nan onè li nan radyo Telé Solidarité avan fen ane sa a. Nou espere genyen nan emisyon sa  Ekselans Monseyè  Jean Desinor, Evèk Titulè dyosèz Hinche.

 

Frè Buteau Frè Tob

 

radiotelesolidarite@gmail.com

telefon: 631-889-0664