JOUNAL SÈL : YON VWA POU ENFÒME, REVEYE KONSYANS AK FÒME KOMINOTE A
JOUNAL SÈL : YON VWA POU ENFÒME, REVEYE KONSYANS AK FÒME KOMINOTE A
Pè Antoine Adrien ak lòt prèt ayisyen ki te an egzil e ki t ap egzèse ministè yo nan Brooklyn te konprann byen vit nesesite pou kominote ayisyen an te genyen yon bon zouti kominikasyon, enfòmasyon ak refleksyon.

Se konsa, nan mwa avril 1972, jounal Sèl ki sòti chak de semèn te parèt. Se te yon piblikasyon ki te ekri an kreyòl, ak yon tit ki te chaje ak sans, e ki te menm gen yon ti karaktè pwovokatè. Misyon li se te enfòme kominote ayisyen nan dyaspora a epi ankouraje yon refleksyon apwofondi sou gwo pwoblèm kominote sa a t ap konfwonte.
Dapre liv Pè Émile Jacquot la, Les Spiritains en Haïti (1843-2003), Pè Antoine Adrien te konn ekri yon kronik ki te trè apresye nan paj jounal Sèl la. Kronik sa a te rele « Je Klere » (Je nou louvri). Nan kronik sa a, li te konn fè yon analiz apwofondi sou pwoblèm Ayiti, sitiyasyon pèp la, kondisyon lavi moun ki pi pòv yo ak eksplwatasyon yo t ap sibi atravè kontinan ameriken an. Se sa Pè William Smarth, youn nan gwo pèsonalite entelektyèl Legliz Katolik Ayiti a, te rapòte nan liv Pè Émile Jacquot la, Les Spiritains en Haïti (1843-2003 .
Pè Guy Sansaricq, ki t apral vin premye evèk nan istwa Legliz Katolik Ozetazini ki se youn nan bon ayisyen nan tan pa nou an , te pami moun ki te kolabore ak jounal sa a e li te pibliye atik ladan l. Li te konprann Impotans jounal sa ki te ede anpil Kominote Ayisyen an e ki te ede yo dekouvri lòt fas Kache Etazini.
Eksperyans istorik sa a fè nou poze yon kesyon ki merite anpil refleksyon : Poukisa jodi a li tèlman difisil pou apostola ayisyen nan Amerik di Nò, ki gen plis pase yon santèn prèt ayisyen, paka mete sou pye yon piblikasyon referans ki sanble ak Sèl?
Piblikasyon sa a pa t la sèlman pou transmèt enfòmasyon. Li te gen misyon tou pou reveye konsyans moun, nouri refleksyon yo epi kontribye nan fòmasyon entelektyèl, sosyal, kiltirèl ak espirityèl Ayisyen ki nan dyaspora a.
Plizyè inivèsite ameriken te resevwa jounal Sèl la avèk anpil enterè. Sa montre enpòtans entelektyèl ak gwo valè inisyativ sa a te genyen.
Jan Pè William Smarth te ekri sa nan liv li a, Paj Istwa Legliz Katolik Ayiti, Sè Mechtilde Benoît, FDM, moun te konnen sou non Sè Josy, te patisipe aktivman nan apostola ayisyen an, nan preparasyon jounal Sèl la, li te konn patisipe nan rankont Pè Antoine Adrien te konn fè ak otorite eklezyastik Dyosèz Brooklyn-Queens yo. Li te trè visib nan pawas Saint-Augustin tou ki nan Brooklyn .
Sè Josy se te sè lyetnan François Benoît, fanmi li te viktim anba represyon rejim François Duvalier a nan mwa avril 1963. Li te oblije chape poul li kite Ayiti prese prese apre trajedi sa kote li te pèdi papa li, manman li ak plizyè lòt manm fanmi li nan masak Divalye te f è sou Fanmi li.
Li te ale vit nan peyi Bèljik pou l te egzèse ministè li kòm Sè relijyez nan kongregasyon Fiy Mari yo, anvan li te vin Brooklyn, kote li te kontinye angajman relijye ak pastoral li kòm sè relijyez Fiy Mari. Yo konnen li kòm premye relijyez ayisyèn nan kongregasyon Fiy Mari yo ki te vin egzèse ministè li nan lakou Nouyòk.
Dapre temwayaj Sè Cecilia Duchaine, FDM, ki te viv ansanm avè l nan Nouyòk, Sè Josy te yon S`e relijyez ki te gen anpil senserite, ki pa t jan m ezite di sa l te panse aklè. Li te yon Sè ki te trè espirityèl, ki te rinmen pwoteje moun ki te pwòch li epi ki te gen yon gwo Lanmou nan Kè li pou Ayiti. Li te trè jenere, li te angaje l ak tout fòs li nan apostola ayisyen Brooklyn nan epi li te toujou montre yon gwo lanmou nan kè li pou pèp li ak peyi li Ayiti.
Angajman li, lafwa li, jenerozite li ak devouman li pou kominote ayisyen an merite pou nou sonje li epi transmèt yo bay jenerasyon k ap vini yo.
Se pou nanm li repoze anpè, epi se pou temwayaj li rete vivan nan memwa nou.
Frè Tob
LA REVUE SÈL : UNE VOIX POUR INFORMER, ÉVEILLER ET FORMER LA COMMUNAUTÉ
Le Père Antoine Adrien et les autres prêtres haïtiens exilés, qui exerçaient leur ministère à Brooklyn, comprirent rapidement la nécessité de doter la communauté haïtienne d’un véritable outil de communication, d’information et de réflexion.
C’est ainsi que naquit en Avril 1972 la revue bimensuelle Sèl, rédigée en créole, un titre particulièrement évocateur, voire provocateur, dont la mission était d’informer la communauté haïtienne de la diaspora et de susciter une réflexion approfondie sur les grands problèmes auxquels elle était confrontée.
Selon l’ouvrage du Père Émile Jacquot, Les Spiritains en Haïti (1843-2003), le Père Antoine Adrien signait dans les pages de la revue Sèl une chronique très appréciée intitulée « Je Klere » (Les yeux ouverts). Dans cette chronique, il proposait une analyse particulièrement approfondie des problèmes d’Haïti, de la situation du peuple, des conditions de vie des plus pauvres et de leur exploitation à travers le continent américain. C’est ce qu’a rapporté le Père William Smarth, l’une des grandes figures intellectuelles de l’Église catholique d’Haïti.
Le Père Guy Sansaricq, qui allait devenir le premier évêque d’origine haïtienne de l’histoire de l’Église catholique aux États-Unis, figurait également parmi les collaborateurs et les écrivains de cette revue.
Cette expérience historique nous amène à poser une question qui mérite une profonde réflexion : pourquoi est-il si difficile, aujourd’hui, pour la pastorale haïtienne d’Amérique du Nord, qui compte plus d’une centaine de prêtres haïtiens, de se doter d’une publication de référence comparable à Sèl ?
Cette publication ne devait pas simplement transmettre des informations. Elle avait également pour vocation d’éveiller les consciences, de nourrir la réflexion et de contribuer à la formation intellectuelle, sociale, culturelle et spirituelle des Haïtiens de la diaspora.
La revue Sèl fut accueillie avec intérêt par plusieurs universités américaines, témoignant ainsi de la portée intellectuelle et de l’importance de cette initiative.
Comme l’a écrit le Père William Smarth dans son ouvrage Paj Istwa Legliz Katolik Ayiti (Pages d’histoire de l’Église catholique d’Haïti), Sœur Mechtilde Benoît, FDM, connue sous le nom de Sœur Josy, participait activement à la pastorale haïtienne, à la préparation de la revue Sèl, ainsi qu’aux rencontres du Père Antoine Adrien avec les autorités ecclésiastiques du diocèse de Brooklyn-Queens. Elle était également une figure très présente et appréciée à la paroisse Saint-Augustin.
Sœur Josy était la sœur du lieutenant François Benoît, dont la famille fut victime de la répression du régime de François Duvalier en avril 1963. Elle dut quitter précipitamment Haïti à la suite du drame au cours duquel elle perdit son père, sa mère et plusieurs autres membres de sa famille.
Elle partit d’abord exercer son ministère en Belgique avant de rejoindre Brooklyn, où elle poursuivit son engagement religieux et pastoral. Elle est connue comme la première religieuse haïtienne de la congrégation des Filles de Marie à avoir exercé son ministère à New York.
Selon le témoignage de Sœur Cecilia Duchaine, FDM, qui avait vécu avec elle à New York, Sœur Josy était une religieuse d’une grande sincérité, qui n’hésitait pas à exprimer franchement ses pensées. Elle était également très spirituelle, protectrice envers ses proches et profondément attachée à Haïti. D’une grande générosité, elle s’investissait pleinement dans la pastorale haïtienne de Brooklyn et témoignait d’un amour profond pour son peuple et son pays.
Son engagement, sa foi, sa générosité et son dévouement à la communauté haïtienne méritent d’être rappelés et transmis aux générations futures.
Que son âme repose en paix et que son témoignage demeure vivant dans nos mémoires.
Frère Tob

