Rèv pèp Bondye ki soti nan Kwadèboukè

pou Prèt ak Mè oswa Relijye ki soti oswa ki Moun Kwadèboukè .

Pèp Bondye ki soti nan Kwadèboukè  te fè yon gwo rèv pou prèt ak mè oswa relijye  ki soti nan kwadèboukè . Nan rèv sa a, pèp Bondye a nan kominote Krisyen an te wè nan  rèv sa  prèt ak mè ki soti nan Kwadèboukè  k ap antre nan Kombit Rasanbleman ak Tèt Ansanm nan  pou kòmanse prepare yo  pou 350e anivèsè pawas Not Dam di wozè (Our Lady Rosary Parish) Ki nan kwadèboukè ki nan ane 2033   e pou yo ka pi vizib, nan mitan   popilasyon Krisyen an Ayiti ak dyaspora a.

Nou reve wè atis Kwadèboukè  yo konpoze plizyè chante sou Kwadèboukè  ak ekriven nou yo ekri atik ak powèm sou Kwadèboukè  pou 340e anivèsè pawas Not Dam Di Wozè  . ak yon mesaj komen ke prèt ak mè nou yo bay pèp Bondye a ki  nan kominote nou an pou 340 yèm anivèsè sa a.

Wi! pwoblèm peyi nou an ap viv ak lòt rezon pat ede nou gin  yon bon ane selebrasyon 340e anivèsè pawas Not Dam Di Wozè  ki nan Kwadèboukè . Ki sa nou ka aprann nan eksperyans sa a ak resous imen ke nou genyen toupatou? Nou gen prèt Katolik ki gen orijin Crucian ki egzèse ministè yo nan 7 peyi e nou gen yon relijye ki gen orijin Crucian ki se Siperyè Jeneral nan yon kongregasyon relijye endijèn. Poukisa moun ki  batisè  lafwa sa yo kontinye rete an silans devan gwo kriz Kwadèboukè oswa  vil yo, ap travèse? Poutan Sen Jan Pòl II, 264yèm Pap Legliz Katolik Women an (li te dirije legliz nou an soti 16 oktòb 1978 pou rive 2 avril 2005) te toujou pran Gwo  pozisyon  an favè peyi natif natal li, Polòy.

Nou reve wè prèt yo ak mè yo  Ki soti nan Kwadèboukè  ranfòse lyen solidarite ant  yo e fè tout sa ki nan pouvwa yo pou yo  reyalize yon  gwo solidarite eklezial ant yo . Jodi a teknoloji pèmèt li. Lefèt ke gin kèk nan prèt ak mè nou yo ki  dakò fè echanj nan yon gwoup WhatsApp se deja premye etap nan bon direksyon . Men, nou ka fè plis atravè Zoom epi nou ankouraje yo fè reyinyon vityèl omwen 3 fwa nan yon ane pou echanj ant yo epi tou pou wè ki jan yo ka pote pi byen Kontribisyon yo pou vil natal yo, Kwadèboukè . Li ta vrèman bon pou yo panse rankontre fas a fas chak 3 zan swa pou yon retrèt oswa yon rankont fòmasyon espirityèl ak pèp Bondye ki nan Kwadèboukè  pandan y ap panse pou yo pote ansanm kontribisyon yo  pou 350e anivèsè a Pawas Not Dam Di Wozè ke nou sipoze yo renmen tou min jan ak nou.

Nou tout dako ke selebrasyon  yon vil oswa yon pawas pa ka prepare nan kèk mwa oswa nan yon ane. Se poutèt sa, apati ane 2024 . Nou swete tout moun mete tet ansanb  pou prepare 350èm anivèsè pawas Not Dam Di Wozè  epi reflechi pou nou mete tout moun oswa tout Komposant  sosyete Krisyen an  nan selebrasyon sa a. menm jan  sa Fèt ak Komposant  plizyè gwo vil ann Ayiti. Egzanp 350e anivèsè vil Kap Ayisyen  ka ede nou nan preparasyon nou.

Nou reve ke prèt ak mè ki soti kwadèboukè  yo pral ede nou kenbe limen  Flanbo Sèvitè a, defen Pè Farnèse Louis-Charles,  nan vil nou an, Kwadèboukè . li se Premye prèt ki soti oswa ki moun Kwadèboukè , li  te konprann enpòtans pou l aksepte, nan  pri gwo sakrifis, pou l toujou rete egal oswa konsekan  ak tèt li, pou l kenbe estati sosyal li kòm pitit peyizan ki soti Kwadèboukè , menm apre òdinasyon l kòm prèt e ki te goumen oswa lute  jiska dènye souf nan lavi li pou li te youn nan defansè klas peyizan ke nou kontinye konsidere kòm Gwo Zòtèy ak Nèg ak Fanm Sòt nan sosyete ayisyen an. Sèvitè  Farnèse Louis-Charles te kite dèyè oswa nan testaman li de kongregasyon endijèn ki kontinye ap sèvi legliz nou an ak sosyete nou an. Kisa prèt yo ak mè ki moun Kwadèboukè  yo ka fè pou yo swiv an aksyon sèvitè Farnèse Louis-Charles?

Wi! Chè Sè ak Chè Pè ki nan  Kominote Krisyen  an! Nou rate yon okazyon pou 340èm anivèsè pawas Not Dam Di Wozè  pou nou  fè pwomosyon tout sa ki bèl nan Kwadèboukè  epi fè jèn yo konnen an patikilye istwa pawas sa a oubyen gran vil sa a ki te bay nesans  plizyè gwo Batisè  lafwa, mè ki toujou yon gwo fyète pou kongregasyon yo ak pou kominote  Krisyen an, san bliye plizyè Gwo fanm ak plizyè Gwo gason ki te fè listwa e ki te rann gwo sèvis. pou limanite.

Prèt yo, mè ak atis yo ki soti Kwadèbouk`e  ta dwe limyè  ak glas pou sosyete Crucian. Lè yo kite fanmi yo pou yo swiv Kris la nan lavi prèt oswa relijye, yo te aksepte volontèman pou yo vin sèvitè ak sèvant Kris la nan mitan pèp li a. Yo dwe toujou Gwo limyè kap klere pep nou an .  Yon pèp ki toujou kontan wè prèt ak mè sa yo. Eske Pep Bondye senti Presans yo ak sipò yo nan moman difisil oswa nan Kwa yap Pote nan kwadèboukè depi kek ane ? Soufrans moun Kwadèboukè  monte nan syèl la e an nou tande  apèl gran Apot Pòl la ki mande nou soufri ak moun k ap soufri e mwen vle  ajoute tou  se pi bon mwayen pou n pa repete epi viv ant nou pawol  Caen an : “Èske mwen se gadò frè m nan?” (Jen 4.9).

Wi! Chè Pè yo ak Chè relijye! Ansanm nou gen misyon pou chanje figi vil nou an, Kwadèboukè. Prèt ak mè nan kominote Krisyen an  ki kote ou ye nan Kombit Rasmbleman oswa Tèt  ansanm pou pèmèt Kwadèboukè renèt anko epi pou nou fete nan 10 ane (2033)  350èm anivèsè gwo pawas sa a ki se yon gwo eritaj pou kominote Crucian la? Wi! Li lè pou nou mete fen ak atitid Pons Pilat sa a, nan endiferans oswa maronaj  ki anpeche nou travay ansanm ak defann enterè Vil Kwadèboukè  . Kisa nou ka fè ansanm, konkrètman, pou nou ede kwadèboukè? Nou gen pwoblèm jèn ki nan pi nan dezòd oswa ki bandi , ki nan move direksyon e lot  pafwa oblije kite vil sa pou lòt vil ann Ayiti.  Nou gin Yon popilasyon ki poko genyen yon bon sistèm sante ak edikasyon. Wi! Li toujou bèl pou nou di ke nou ap eseye fleri kote Senyè a te plante nou. Men, kòm pitit gason ak pitit fi Kwadèboukè  nou gen yon dèt pou  kominote sa a kèlkeswa kote nou ye nan mond sa a.

Pou 340èm anivèsè pawas Not Dam di wozè  , pèp Bondye a ankouraje prèt ak mè nou yo ki moun Kwadèboukè  pou yo gade ansanm ki jan yo ka pi byen ede vil yo. Popilasyon vil Kwadèboukè  soufri twòp e yo kontinye ap soufri ak pwoblèm ensekirite, mefyans, mepri de Leta ayisyen ki pa ede yo  nan nivo enfrastrikti ak divizyon ant nou. Etranje k ap viv oswa ki nan pozisyon lidèchip nan Kwadèboukè  toujou eksplwate divizyon nou yo  pou febli nou pi byen e pou kontinye defann status quo ke yo fòse nou vale tankou yon grenn anmè kèlkeswa kote nou ye e pafwa jis pou pwoteje sèten enterè kont tout yon popilasyon yap  manipile,  fose rete an silans e pouse nou toujou di Amèn menm kont enterè li yo.

Wi! Li lè li tan pou prèt ak mè ki soti nan Kwadèboukè  reveye e di y ap kontinye sou tras sèvitè  Farnese Louis-Charles ki te fè tout bagay pandan kout pelerinaj li sou tè a pou l te suiv ak Kouraj  tras Kris liberatè a nan  defann klas peyizan an Ayiti ki toujou  konsidere kòm klas ki pi plis majinalize nan sosyete nou an. Finalman, pèp Bondye a mande Seyè a pou l ede prèt yo ak mè yo nan kominote Krisyen an pou yo vin senp sèvitè nan jaden rezen li a.

Frè Tob      Rèv pèp Bondye ki soti nan Kwadèboukè

Frè Tob